Nou byen kontan wè ou nan Yon gid pou bidjè chak moun apa pou tout kliyan APD ki jwenn sèvis nan dispans Medicaid APD a Nou byen kontan wè ou nan yon nouvo pwogram ki rele iBudget Florida! Antan yon kliyan APD, w ap kòmanse resevwa sèvis nan nouvo pwogram iBudget Florida a san pèdi tan. Ajans pou Moun ki Andikape a (APD) vle pou tranzisyon ou nan iBudget Florida senp epi fasil. Ti gid kout sa a ap dekri iBudget Florida epi l ap esplike kijan w ap kòmanse jwenn sèvis nan nouvo pwogram lan. Tanpri li enfòmasyon sa a ak anpil atansyon. Si ou gen kesyon, tanpri vizite iBudget Florida.org oswa rele kowòdonatè sipò pou dispans ou (WSC). Kisa iBudget Florida ye? * iBudget Florida se yon jan pou APD administre sistèm dispans lan pi byen, epi w ap gen plis chwa ak kontwòl sou sèvis ou yo. * Nan iBudget Florida, w ap gen yon bidjè, oswa yon montan lajan fiks, pou sèvis dispans yo. * W ap soti nan nivo dispans ou ye kounyeya pou ale nan dispan iBudget Florida a. * W ap ka pran plis desizyon sou kijan pou depanse bidjè ou la pou sèvis ou yo depi li kouvri sa ou bezwen pou sante ou ak sekirite ou. Men, w ap bezwen fè yon bidjè ki dire jiskaske ane plan pou sèvis la fini. * Ou pa oblije fè tout bagay poukont ou. Kowòdonatè dispans lan ap toujou ede ou. iBudget Florida Poukisa APD te kreye iBudget Florida? * APD te kreye iBudget Florida pou bay plis direksyon pwòp ak fleksibilite pou kliyan renonsyasyon nou yo Chwa se yon gwo zafè pou iBudget. * APD te travay ak moun ki gen andikap nan devlopman yo, manm fanmi, kowòdonatè sipò pou dispans, gwo founisè ak ti founisè, reprezantan, epi anpil lòt moun/òganizasyon pou kreye plan iBudget Florida a. Sa ede APD gen yon pi bon konpreyansyon nan kisa diferan moun te vle wè nan sistèm dispans lan. * Alòske iBudget Florida ap nan avantaj ou, l ap ede APD depanse egzakteman montan fon an Lejislati a bay pou sèvis dispans yo tou. Objektif iBudget Florida se pou ede APD sèvi moun ki gen andikap nan devlopman yo pandan lontan nan lavni. Èske mwen ka resevwa menm sèvis mwen resevwa kounyeya? * W ap kapab chwazi sèvis ki menm ak sa ou resevwa kounyeya. Lis sèvis ak seri sèvis yo ekri sou do gid sa a. * Nou mete sèvis ki menm yo ansanm, an gwoup, nan seri sèvis yo pou ede ou chwazi ladan yo. * Kliyan ki nan Nivo 4 yo ap gen yon seri sèvis ki pi laj pou chwazi ladan yo, li menm gen Sèvis Dantè pou Adilt. Kisa iBudget mwen ap ye? * APD ap detèmine nouvo bidjè pèsonèl ou, oswa iBudget, apre li fin konsidere plizyè faktè, sa vle di yon pwosesis pou revizyon ki konsidere laj ou, sikonstans w ap viv la (si ou viv ak fanmi, nan pwòp kay pa ou, oswa nan yon kay an gwoup) epi kalite sipò ou bezwen dapre evalyasyon ajans lan apwouve a, yo rele li Kesyonè pou Enfòmasyon dapre Sikonstans (QSI). Y ap sèvi ak tout enfòmasyon sa yo pou ede APD detèmine kantite lajan yo ka apwouve pou ede ou jwenn sa ou bezwen yo. * Kowòdonatè sipò dispans lan ap revize montan iBudget la avèk ou, l ap pale sou kijan y ap adrese sa ou bezwen yo epi chanjman ou ta renmen fè yo, si li nesesè. Kisa mwen dwe fè pou mwen prepare pou iBudget Florida? * Revize sa ou bezwen yo ak sèvis w ap resevwa kounyeya. Gade kijan manm fanmi ou yo ka fè ou jwenn enpe nan sa ou bezwen yo oswa sèvis ki genyen nan kominote ou la, si li posib. * WSC ou ap rankontre avèk ou si ou gen enkyetid, epi l ap ba ou nenpòt fòmasyon oswa asistans ou ka bezwen. * W ap toujou gen menm WSC la; epi relasyon ou avèk li pap chanje. * Kolabore ak WSC ou pou kreye plan pou sa iBudget Florida ou la koute. Chwazi sèvis w ap peye pou yo ak montan iBudget ou la. -2- iBudget Florida Kijan sa afekte patisipan nan CDC+ yo? * Si ou se yon patisipan nan Consumer-Directed Care Plus (CDC+), (Swen Kliyan Dirije Plis) otorizasyon pou sa plan ou lan koute a ap ale nan aplikasyon iBudget Florida a, men w ap administre bidjè ou menm jan ou fè kounyeya. Rabè yo ap toujou aplike. * Wòl konsiltan an pap chanje. * Tout kliyan CDC+ yo ap enskri nan iBudget apati 1ye jiyè 2013. Konsiltan ou lan ap ba ou plis enfòmasyon li jwenn nan APD konsènan tranzisyon nan iBudget Florida a. Sèvis iBudget Florida yo Nan pwochen paj la gen yon lis konplè sou sèvis iBudjget Florida ofri yo. Sèvis w ap resevwa kounyeya nan plan sèvis yo koute a ap depann sou kijan ou ranpli kondisyon ki nan iBudget Florida Coverage and Limitations Handbook (Liv sou sa iBudget Florida kouvri ak limit ki genyen yo), montan yo ba ou nan bidjè a, resous natirèl ak kominotè ki genyen pou ou epi lòt faktè. APD byen kontan akeyi ou ak wè ou nan iBudget Florida! Gen plizyè fason pou jwenn plis enfòmasyon konsènan nouvo pwogram sa a. * Vizite nouvo sitwèb iBudgetFlorida.org la. * Mande kowòdonatè sipò pou dispans lan * Rele biwo rejyonal APD ou la: Zòn Nòdwès (850) 487-1992 Konte Escambia, Santa Rosa, Okaloosa, Walton, Holmes, Washington, Bay, Jackson, Calhoun, Gulf,Liberty, Franklin, Gadsden, Wakulla, Leon, ak Jefferson. Zòn Nòdès (904) 992-2440 Konte Madison, Taylor, Hamilton, Suwannee, Lafayette, Dixie, Columbia, Gilchrist, Levy, Baker, Union, Bradford, Alachua, Putnam, Clay, Nassau, Duval, St. Johns, Flagler, ak Volusia. Zòn Santral (407) 245-0440 Konte Marion, Citrus, Hernando, Sumter, Lake, Seminole, Orange, Osceola, Brevard, Indian River, St. Lucie, Martin, Polk, Hardee, Highlands, ak Okeechobee. Zòn Suncoast (813) 233-4300 Konte Pasco, Pinellas, Hillsborough, Manatee, Sarasota, DeSoto, Charlotte, Glades, Lee, Hendry, ak Collier. Zòn Sidès (561) 837-5564 Konte Palm Beach ak Broward Zòn Sid (305) 349-1478 Konte Dade ak Monroe -3- iBudget Florida Seri Sèvis yo Sèvis yo Devlopman konpetans ki pratik pou lavi chak jou Nivo 1 nan devlopman konpetans ki pratik pou lavi chak jou (anvan sa yo te rele li konpayon) Nivo 2 nan devlopman konpetans ki pratik pou lavi chak jou (anvan sa yo te rele li travay ki sipòte) Nivo 3 nan devlopman konpetans ki pratik pou lavi chak jou (anvan sa yo te rele li fòmasyon lajounen pou adilt) Fòmasyon pou fanmi ak reprezantan legal (poko genyen li) Pwovizyon ak ekipman Ekipman Medikal Konsomab Ekipman ak Pwovizyon Medikal Dirab Adaptasyon pou Aksesibilite Anviwonnmantal Sistèm Pèsonèl pou Entèvansyon nan Kadijans (inite ak sèvis) Sipò Pèsonèl Sipò Pèsonèl (ladann gen sèvis yo te konn rele sipò adomisil, repo, swen pèsonèl ak konpayon, pou moun ki gen 21 ane oswa pi plis, ki abite nan pwòp kay pa yo oswa nan kay fanmi yo, epitou pou moun ki gen omwen 18 ane men ki poko gen 21 ane epi ki abite nan pwòp kay yo) Swen pou repo (pou moun ki poko gen 21 ane ki abite nan kay fanmi yo) Sèvis rezidansyèl Adaptasyon Rezidansyèl Nòmal Adaptasyon Rezidansyèl ki konsantre sou konpòtman Adaptasyon Rezidansyèl entansif pou konpòtman Adaptasyon Rezidansyèl kote ou abite Swen medikal espesyalize adomisil Antrenman pou viv kote ki bay sipò Kowòdonasyon sipò Kowòdonasyon pou sipò limite Kowòdonasyon pou sipò konplè Kowòdonasyon pou sipò reyose Sipò terapetik ak byennèt Swen enfimyè an prive Swen enfimyè nan enstitisyon Swen enfimyè Sèvis dyetetisyen Terapi respiratwa Terapi pou pale Terapi okipasyonèl Fizyoterapi Konsèy espesyalize pou maladi mantal Sèvis pou analiz konpòtman Sèvis pou ede ak konpòtman Transpò Transpò Sèvis dantè Sèvis dantè pou adilt